Nou gen anpil sit ki repati nan tout Eta Florid la, sa ki pèmèt ou jwenn byen rapid repons ou bezwen yo.
01 Chwazi yon Sit pou Tès epi Enskri
Chwazi sit pou tès COVID-19 ki pi prè a epi ranpli fòmilè enskripsyon an anliy.
02 Tès
Vizite sit tès ou chwazi a, bay kòd QR pre-enskripsyon ou an, fè yo fè prelèvman an epi kontinye wout ou.
03 Jwenn Rezilta
Nan 48 è, y ap voye rezilta tès la ba ou pa imèl oswa mesaj tèks nan destinasyon ou bay nan enskrikpsyon an.
Kesyon yo poze souvan sou tès COVID-19 la.
Plis Kesyon? Nou gen repons.
Source: https://www.jhsph.edu/covid-19/questions-and-answers/#testing
Tès PCR la dwe fèt nan laboratwa. Tès sa gen yon etap anplifikasyon yo pase ladan l pou yo ka jwenn ti kantite viris yo nan nen yon moun. Sa vle di ou ka detekte enfeksyon an pi bonè.
Tès antijèn rapid la bezwen anpil viris pou l wè yon rezilta pozitif paske pa gen etap anplifikasyon. Bon kote a nan sa sèke si ou soti pozitif nan tès rapid la, ou konnen vrèman ou pa dwe rete bò kote moun. Ou kontajye epi ou dwe izole tèt ou imedyatman.
Gen avantaj ak enkonvenyan: ou ka detekte yon enfeksyon pi bonè ak yon tès PCR men, ou jwenn rezilta ou ka eksplwate imedyatman ak yon tès antijèn rapid. Yo demontre yo ekivalan nan anpil senaryo diferan.
Si ou teste pozitif pou COVID-19, ou dwe izole tèt ou de lòt moun. Gen yon ti tan ki ka pase avan reprezantan sante piblik yo kontakte w. Swiv konsèy sa yo jiskaske reprezantan sante piblik yo kontakte w.
Si sentòm ou yo modere oswa si ou pa gen okenn sentòm ou dwe izole w lakay ou. Rete lakay ou sof si ou bezwen atansyon medikal. Pa al travay. Pa al lekòl. Pa asiste nan rasanbleman sosyal oswa gwoup. Si ou santi w byen ase, ou ka pase tan deyo lakay ou lwen lòt moun.
Non. Akoz divèsite ak etandi tès ki disponib kounye a yo, yo ka itilize pifò tès dyagnostik yo ak fyabilite pou dyagnostike souch varyan yo.
SOUS: Sant pou Sekirite Sanitè.
Lè w fè tès sou yon sit Nomi Health Florida, pa gen okenn frè pou ou peye. N ap kolekte enfòmasyon asirans medikal pou pasyan ki gen asirans yo epi n ap soumèt demann lan bay asirans lan. Pou pasyan ki pa gen asirans yo, n ap faktire Fon Èd Federal HRSA pou COVID-19 la.